HAITIANALYIS TRANSLATION: Konfederasyon Travayè Ayisyen (CTH) declare sipò yo pou HOPE II inisyativ nan; yo kwè ke sa ap pèmèt vin gen plis travay pou sendika yo an Ayiti. Paul Loulou Chery, sekretè jeneral CTH sou zafè anplwa pou pwogram sa te di, Ayiti dezespere pou travay ak stabilite. HOPE II akt la ap pèmèt aksè lib san tarif a mache Etazini an pou vètman ki fèt an Ayiti; sa ap pwobableman pouse konpayi yo pou al ouvè faktori an Ayiti; ki siyifi plis travay pou ekonomi peyi Dayiti ki nan yon sitiyasyon dezespere. Chery te patisipe nan yon reyinyon ki te chaje avèk moun nan Pòtoprens kote li te mande pou sipòte HOPE II; lòt moun ki te prezan se Premye Minis, Jacques Edouard Alexis. HOPE II planifye pou vini avèk plis travay nan peyi a ki gen pou wè ak vètman pandan ke y ap sipòte administrasyon Préval/Alexis an; CTH mande pou gen yon pozisyon fèm kont privatizasyon. Diran ete 2007 lan, Préval te anonse ke Teleko, Elektrisite Dayiti avèk APN osijè a privatize. Nan mwa resan, ofisyèl nan CTH yo te di ke yo ogmante efò yo avèk anplwaye nan sektè piblik la pou opoze plan privatizasyon an. CTH byen koni nan katye pòv avèk kanpay yo an Ayiti pou fason yo òganize nan baz. Diran gouvènman enterimè a an 2004-2006, CTH te tonbe anba yon kanpay sistematik vyolans aprè ke yo refize sipòte anlèvman gouvènman eli an 2004. Òganizatè CTH yo di abilite pou ke sendikalis yo òganize vin amelyore sou administrasyon Preval la, men lavi chè a ansanm avèk dezas natirèl te frape manm yo di. Konfederasyon travayè a ap fè lòbi pou ke Ayiti ogmante pwodiksyon nasyonal la na zòn endistriyalize & kanpay yo. Fen ane pase a, pandan ke Chery t ap pale, li te di ke òganizasyon dwa zimen & moun ki solidè a Ayiti ta dwe fè tout sa yo kapab pou siveye & asire ke patron yo respekte travayè Ayisyen yo nan nenpòt nouvo faktori.
Sorry, comments are closed for this article.